Kontak Laprès:
Gabriel Riera: 305.375.1706
griera@miamidade.gov
Maile Rodriguez: 305.375.1705
maile@miamidade.gov
Mize Da Miami An Ap Prezante Shirin
Neshat Yon Atis Ki Rekoni Entènasyonalman
An egzibisyon nan MAM lan de 20 Mas a 1 Jen, 2003
Prezantasyon ak Lekti Atis lan pou Manm yo Mèkredi,
19 Mas, 2003, 6:00 p.m.
MIAMI,
24 Fevriye, 2003-- Miami Art Museum ap prezante
yon egzibisyon san parèy de atis iranyen Shirin
Neshat. Egzibisyon an pral ofri vizitè yo
yon opòtinite pou yo viv yon eksperyans an
pwofondè de travay Neshat atravè sis
nan anviwonnman de videyo-ak-son epi ak foto yo nan
premye egzibisyon lap fè sèl nan toune
Amerik di Nò an.
Egzibisyon
an, ki pral sèlman prezante nan
Montréal, Minneapolis, Miami, epi nan Houston,
pral mete ansanm pi gwo nan koleksyon Neshat lan
nan seri anviwonnman videyo liyo ki janm prezante:Soliloquy
de 1999, Pulse ak Passage de 2001, avèk menm
Turbulent, Rapture, ak Fervor—yon a triloji
de film ki fèt an 1998, 1999, ak 2000. Film
yo genyen nan akonpayiman mizikal yo mizik de konpozitè koni
tankou Sussan Deyhim ak Philip Glass.
Li
fèt an Iran an 1957, Neshat imigre ozetazini
a laj de 17 an pou li te kapab ale nan inivèsite “University
of California” nan Berkeley. An 1986, Li retounen
an Iran pou divès moman de vizit kote li te
kapab wè tout chanjman ki tap fèt toupatou
nan peyi an ak Revolisyon Islamik lan. Nan santiman
ke li pa fin santi li nan plas li, tankou yon moun
ki ekzile tèt li de koze sa yo, vin enspire
li pou li kreye de zèv ki baze sou kolizyon
ant kilti tradisyonèl lan ak modèn
lan nan Ès e Wès lan nan globalizasyon
Monn sa a. Dapre Neshat, Li rantre nan yon dyalòg
inivèsèl san pedi anyen nan kilti islamik
lan”.
Kont
istorik ki resòti nan Neshat se gran
panorama de fòs opoze: dezè ak lanmè;
achitekti peyi Ès yo ak peyi Wès yo;
fanm islamik yo nan rad “chador” nwa
yo ak mesye mizilman yo nan chemiz blan ak lanmidon
yo byen pase. Enstalasyon sa a diferan de lòt
sinema tradisyonèl paske yo prezante de pwojeksyon
laje yon mi pou 7 a 17 minit, pafwa gen de kap jwe
nan yon sèl sal , ki jwe san rete. Piblik
lan nan yon pozisyon ant son ak imaj, yo kapb rantre
sòti jan yo vle.
Egzibisyonan
ap prezante nan galeri dezyèm
etaj MAM lan, ap genyen ladan li 12 kokenchenn foto
ki gen rapò ak videyo yo. Jan yo dispèse
ant sal videyo yo, foto yo ankouraje nou pou nou
rete kanpe devan yo la anba pòt de kilti,
an siyalan ni diferans ni similarite ant de kilti
yo.
“MAM ranpli de aspè enpòtan
misyon li nan prezante Shirin Neshat,” Suzanne
Delehanty, Direktris MAM lan di. “Se avèk
anpil plezi ke nap prezante travay atis rekoni entènasyonalman
a piblik nan Sid Florid lan epi nap kontinye dedye
tèt nou pou nou sèvi kòm foròm
nan echanj ide moun. Se nan fason sa a, MAM se reflè globalis
ak divèsite Miami”.
Òganize pa “Musée d’art
contemporain de Montréal” nan Quebéc,
Canada. Se ak koòdinasyon Lorie Mertes, curator,
MAM lan ke prezantasyon MAM lan ap fèt.
Biyografi
Shirin Neshat
Li fèt an 1957 nan Qazvin, Iran. Li abite
e viv nan New York. Foto ak videyo Shirin Neshat
yo patisipe nan divès egzibisyon enpòtan
entènasyonal, tankou “Documenta 11,
Kassel, Germany; Moving Pictures, Solomon R. Guggenheim
Museum of Art, New York 2002; Arte Contemporaneo
Internacional, Museo de Arte Moderno, Mexico City
2001; Lyon Biennial, Lyon, France 2000 ; Whitney
Biennial, Whitney Museum of American Art, New York
2000; Carnegie International, Carnegie Museum of
Art, Pittsburgh, PA 1999; Venice Biennale, Venice,
Italy 1999 ; ak Trade Routes: History and Geography:
2zyèm Johannesburg Biennale 1997. Prezantasyon
eksliziv èv li yo te prezante nan: Castello
di Rivoli, Turin, Italy 2002; Irish Museum of Art,
Dublin, Ireland 2001; Barbara Gladstone Gallery,
New York 2001; Serpentine Gallery, London 2000; Dallas
Museum of Art, Dallas 2000; Wexner Center, Columbus,
Ohio 2000; ak Art Institute of Chicago, Chicago 1999.
An 1996 Neshat te resevwa yon sibvansyon de fondasyon
Louis Comfort Tiffany Foundation.
PREZANTASYON
AK LEKTI POU MANM YO PA ATIS SHIRIN NESHAT
Yon prezantasyon espesyal pou manm ap fèt
jou Mèkredi, 19 Mas de 6 a 8pm. Manm MAM yo
gratis; non-manm $10 (kapab konte kòm peyman
sou kat manm lan). Pou RSVP rele 305.375.1708.
6:00-6:30
pm kòktèl ak òdèvhors
d’oeuvres
6:30-7:15pm Bèl prezantasyon pa Shirin Neshat.
MAM kontan pou li anonse ke tout moun tèlman
enterese nan lekti Shirin Neshat lan, ke oditoryòm
lan fin vann tout plas yo. Nou pral agrandi espas
pou chita a nan plaza a, ak opòlè an
dirèk, nap kapab pran plis envite.
PWOGRAM
MENM KOZE YO
Dimanch yo Gratis nan MAM ak toune de Shirin Neshat
Antre Mize an gratis chak Dimanch, ki enkli menm
rantre nan egzibisyon espesyal yo,
Koleksyon MAM nan, Magazen MAM nan, ak tou gide gratis
a 2 zè p.m. nan patwone pa Miami
Herald/El Nuevo Herald.
Dezyèm
Samdi yo Gratis pou Fanmi k vin wè Shirin Neshat
Jou Samdi 12 avril 2003 a , Ampwent Plamen, 1-4 p.m.
Kont ki sòti nan peyi laPès pral tire
pa Fereydoun Kian, 2 - 3:30p.m.
Eksplore yon monn de chema ak siy ke Shirin Neshat
itilize pou eksprime li nan egzibisyon liyan. Apre
sa fè yon anpwent pla menki inik an itilizan
yon papye iltra sansib. Menm jan ak anpwet dwèt
ou, anpwent plamen w lan ap inik epi kapab demontre
ki moun ou ye. Epi tou nou pral plan plezi nan tire
kont peyi Lapès an itilizan teyat tradisyonèl
Pès ak Fereydoun Kian.
Rilaks
nan MAM
Jedi, 20 Mas, 17 Avril, ak 15 Me, 2003, 5 -
8:30 p.m.
Chak mwa nan “JAM at MAM”, mize an gen è de
detant melanje ak pwogram atistik, yon tou galeri
an ak yon lekti ak konkou pwezi ak pase dyapozitiv
nan Jam lan. Vini toto rilaks kò nou apre
travay nan yon anbyans ki gen yen DJs, yon Salon
Martini , ak yon Ba de kotizasyon. Manm MAM yo gratis;
non-manm gratis ak $5 admisyon mize an.
20 Mas, 2003
6-6:30 p.m. Toune gide de ”Undercurrents”
6:30-7 p.m. Peggy Nolan, pwofesè fotografi
nan FIU, egzamine travay Shirin Neshat yo.
7:30-8 p.m. Tamalyn Dallal, direktè “Mideastern
Dance Exchange”, ap bay prezantasyon de divès
dans Pès pou selebre nouvèl an Pès
lan.
Mizik pa: DJ DHM. Martini an Vedèt: Classic
Cosmopolitan
17
Avril, 2003
6-6:30 p.m. Toune gide pa Shirin Neshat
6:30-7 p.m. Reza Filsoufi performs ap prezante mizik
tradisyonèl Pès nan galeri an.
7:30-8 p.m. Lekti pwezi Pès nan galeri an
pa Fereydoun Kian an Angle ak Farsi
AnPèmanans JAM DJ Frederic D’Inca
a.k.a. DJ NEMO
TOUNE
POU LEKÒL YO AK SHIRIN NESHAT
Toune lekòl yo ak pwofesè pwofesyonèl
galeri MAM yo ap disponib 25 Mas a30 Me, de 10 am
a 12 pm, rele 305.375.4073.
TOUNE
AN GWOUP AK SHIRIN NESHAT
Toune prive gide ak gid mize yo menm disponib an
Angle ak Espayòl. Pou plis detay rele 305.375.4073.
PIBLIKASYON
Yon katalòg ak foto byen ilistre de egzibisyon
an pibliye pa “Musée d'art contemporain
de Montréal” an Angle e Fransè disponib
depi kounyeyan nan magazen MAM lan. Manm MAM yo:
$35.95. pou non-manm yo: $39.95
Divès lòt machandiz ki gen rapò ak
egzibisyon an nan magazen MAM lan tankou kat postal
travay ki nan egzibisyon an. Yon odyo CD ki gen mizik
ki anchante an de videyo Fervor, Soliloquy, Rapture,
ak Turbulent disponib tou.
Pou
rezève kopi katalòg
pa w lan rele magazen MAM lan nan 305.375.1729.
Finansman
Shirin Neshat òganize pa “Musée
d'art contemporain de Montréal”. Toune
egzibisyon an nan Zetazini se “Ministère
de la Culture et des Communications du Québec” ki
patwone li.
Nan
Miami, egzibisyon an sipòte pa Fon Monetè Egzibisyon
Anyèl MAM lan. Benefaktè yo: Tina Hills,
Joan Reynolds Linclau, Neiman Marcus, Patricia & Emanuel
Papper. Donè yo: The Cowles Charitable Trust,
Espirito Santo Bank, Rose Ellen Meyerhoff Greene,
Nedra & Mark Oren, Podhurst Orseck Josefsberg
Eaton Meadow Olin & Perwin, P.A., Mellon, Northern
Trust. Sponsè yo: Ferrell Schultz, Deborah & Larry
Hoffman, Darlene & Jorge M. Pérez. Patron
yo: Christie’s, George Lindemann, Ned S. Offit,
Toni & Carl Randolph, Mica & Elias Selman,
Roz & Charles Stuzin, Sally & Earl Wiener.
Sipò adisyonèl vini de “Funding
Art Network”.
Miami
Art Museum resevwa finansman nan sektè ni prive
ni piblik. Plis ke 50 pousan nan sipò anyèl
nou sòti nan kòporasyon yo, endividyèl
yo, fondasyon yo ak manm MAM yo. MAM patwone an pati
pa “State of Florida, Department of State, Division
of Cultural Affairs ak Konsèy Florida Arts Council,
ak “National Endowment for the Arts”; ak
sipò Depatman Afè Kiltirèl Konte
Miami-Dade, Konsèy Relasyon Kiltirèl,
Majistra ak Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade
lan.
Top
|