|
Kontak
Laprès:
Gabriel Riera: 305.375.1706
griera@miamidade.gov
Maile Rodriguez: 305.375.1705
maile@miamidade.gov
Mize
Da Miami Ap Byen Mennen Agrandisman Ak
Ekspozisyon Mize Achitekti
Miami
– 2 Oktòb 2003. Mize Da Miami (MAM) kontan
prezante Mize pou yon Nouvo Milenyòm Konsèp
Pwojè Bildin (Museums for a New Millennium Concepts
Projects Buildings), di 3 Oktòb 2003 jiska 18
Janvye 2004. Ekspozisyon an santre sou mize achitekti
kontanporen e se yon pwojè de “Art Center
Basel” nan peyi Laswis. Enstalasyon Miami an desine
pa achitèk lokal Rene Gonzalez e kowòdone
pa Sou Direktè e Konsèvatè MAM,
Peter Boswell. Ekspozisyon anbilan sa a gen ladan li
dè desen, fotografi ak dè model orijinèl
reprezantan vennsenk nan pi bèl achitekti resan
pou mize desine pa pi gwo achitèk de syèk
an syèk.
Mize da kontanporen yo se non sèlman youn nan
travay konstwiksyon pi enpòtan e remakab nan
domèn piblik lan, yo souvan sèvi de ajan
de chanjman pou redevlopman nan kominote ki konstwi
yo an. Alò, mize yo devni dè zouti efikas
avèk ki vil yo pwojte yon imaj byen detèmine
lè yap eseye jwenn nouvo envestisman ak touris.
“Ekspozisyon sa a sèvi MAM de enspirasyon
pou pwòp vizyon nou de lavni Miami,” direktè
MAM lan, Suzanne Delehanty di konsa. “Anplis de
bote achitekti li, mize 21nyèm syèk lan
dwe sèvi kòm pliske yon estokaj travo
da. Li jwe yon wol kle nan kominote an, kòm yon
etablisman sivik, resous edikatif, estimulan ekonomik,
ak lòt bagay ankò.”
Zèv yo ki nan “Mize pou yon Nouvo Milenyòm
yo” fè resòti dè estrikti
estil diferan kòmanse sou Mize J. Paul Getty
nan Los Angeles ki desine pa Richard Meier, rive sou
Sant Lèza Kontanporen ki fenk ouvè nan
Cincinnati e pou ki tout moun ap fè lwanj lan,
desine pa Zaha Hadid sou estil “avant-garde.”
Ekspozisyon an enkli dè estrikti espektakilè
tankou Mize Guggenheim Frank Gehry an ki nan Bilbao
nan peyi Lespay ak pati an fòm zèl nan
agrandisman Mize Da Milwaukee an, desine pa Santiago
Calatrava, toulede enterese Miami piske yo imedyatman
devni de gwo atraksyon nan kominote an e ki atire touris.
Yon modèl de nouvo “Tate Modern”
a Lond lan ap nan Ekspozisyon an tou. Desine pa ekip
achitekti Swis lan Herzog & de Meuron, Tate Modern
se yon gran siksè ki atire dè milyon de
vizitè e ki kreye anviwon 2,000 djòb nan
zòn lan.
Enstalasyon nan mize MAM lan, desine nan Miami pa achitèk
Rene Gonzalez, soulinye aspè kle yo de yon mize
21nyèm syèk, jan ki ilistre nan etalaj
desen, modèl plan ak fotografi nan pwojè
Mize pou yon Nouvo Milenyòm lan, sou yon fòm
ki non sèlman prezante objè an yon fason
klè, men pou pèmèt tou ke dimansyon
atistik lan manifeste.
Gras a gran sipò piblik lan, MAM aktyèlman
nan pwemye faz planifikasyon pou agrandisman li ak Mize
Park Miami, redesinaj iben ofisyèl Vil Miami
an pou yon teren 9 kawo ki abandone, ak pwopriyete sou
Biscayne Bay anba lavil Miami ki apatni a vil lan. Pwojè
an konsiste an yon pwemye pak piblik ak dè nouvo
enstalasyon moniman pou Mize Da Miami ak Mize Syans
de Miami. Rezidan Miami yo te bay sipò yo a vizyon
Mize Pak Miami — ki se pivo de transfòmasyon
de anba lavil Miami – lè yo te vote pou
kreyasyon yon bon ki te mete $3.5 milyon dola disponib
pou chak mize, egale ak twa-pou-youn, pou kouvri depans
planikasyon yo.
Pandan ke mize yo ap devlope nan nouvo milenyòm
lan, yo jwe yon wol deplizanpli enpòtan nan prezève
ak eksprime piblikman idantite inik kiltirèl
pwòp rejyon yo. Rekoni toupatou nan lemonn kòm
“Baryè Antre Amerik yo,” Miami inikman
idantifye ak divès group etnik, ki retni pwòp
idantite yo e vini ak pwòp eritaj yo. Ekspansyon
MAM lan pral bay Miami yon mize da 21nyèm syèk
ki pou non sèlman leve imaj vil lan, mè
osi pou kreye yon kote ke tout moun kab rankontre pou
fè echanj ide e kiltirèl, osibyen ke fonksyone
kòm yon resous edikatif nan kominote an.
Metrize Angajman Sivik, yon piblikasyon resan de Asosyasyon
Ameriken dè Mize, ki chita nan Washington, D.C.
lanse defi bay mize yo pou yo devni “...yon patisipan
aktif e vizib nan kominote yo, yon refij, e yon enkibatè
de chanjman konfyan." MAM ap pran pawòl
sa yo oserye, epi lap avanse nan vizyon liyan pou lavni.
Mize pou Nouvo Milenyòn yo mete disponib yon
plan ki pou sèvi de enspirasyon ak yon podyòm
kote li kab kanpe pou li gade pi devan.
Mize pou Nouvo Milenyòm yo: Konsèp, Pwojè,
Bilding se yon pwojè de “Art Centre Basel,”
nan vil Basel nan Laswis, kowòdine sou direksyon
Suzanne Greub. Konsèvatè e editè
syantifik katalòg lan se Vittorio Magnago Lampugnani
ak Angeli Sachs, de Enstiti pou Listwa ak Teyori Achitekti
nan Enstiti Federal Swis de Teknoloji, nan vil Zurich.
LÒT
PWOGRAM SIMILÈ:
Seri
Konferans Achitèk yo:
PÈSPEKTIV TWA ACHITÈK
Rafael
Viñoly
Mèkredi, 8 Oktòb
11:30am – 1:30pm
Rafael
Viñoly fè etid li ak pratike achitekti
an Ajantin anvan li te vin viv o Zetazini. Mr. Viñoly
diskite de pwojè aktyèl li yo enkli Mize
Da Tampa.
JW Marriott, 1111 Brickell Avenue, Miami
Anrejistreman: 11:30am
Dejene a Midi / Koze de12:30pm a 1:30pm
Manm MAM yo: $40 / Antre jeneral: $45
Terence
Riley
Jedi, 16 Oktòb
7pm – 8pm
Konsèvatè prensipal pou achitekti ak desen
nan Mize Da Modèn nan New York lan diskite de
kèlke nan pwojè prensipal mize yo nan
Mize pou Nouvo Milenyòm yo. Pwogram lan te devlope
pa MAM an kolaborasyon ak “Arango Design Foundation.”
Mize Da Miami, 101 W. Flagler St., Miami
Manm Mize yo gratis / Antre jeneral konferans lan gratis
ak
$5 rantre mize an.
Daniel
Libeskind
Vandredi, 12 Desanm
7:30pm
Desinatè nouvo plas “World Trade Center”
a nan New York ak Mize Jwif nan Berlin, ki se yon mize
selèb, Mr. Libeskind diskite toulede pwojè
yo osibyen ke plan pou agrandi Mize Da Denver. Konferans
sa a se yon kolaborasyon de Mize Da Miami, Branch Miami
de Enstiti Ameriken dè Achitèk, Klib Achitekti
Miami, Branch “Gold Coast” de Asosyasyon
Ameriken de Planifikasyon, ak “Wolfsonian-FIU.”
Lincoln Theatre, 541 Lincoln Road, Miami Beach
Anrejistreman: 7pm
Diskisyon a 7:30pm
Manm MAM yo: $10 / Antre jeneral: $15
DEZYÈM
SAMDI YO GRATIS POU LAFANMI YO
Aktivite pratik amizan pou timoun yo ak paran yo. Chak
dezyèm Samdi di mwa
1pm – 4pm Gratis
Samdi,
11 Oktòb
Pak an Papye: sèvi ak papye koulè pou
desine yon nouvo Pak Bisantnè avèk yon
mize da ak jaden eskilti.
Samdi,
8 Novanm
Mize Mayifik: sèvi ak yon varyete de materyèl
pou fè yon modèl de mize da fantezi w.
Samdi,
13 Desanm
Koleksyon koul: sèvi ak dè imaj de zèv
atistik pou etale pwòp ekspozisyon w.
Samdi, 10 Janvye
Jaden Eskilti Nyè: sèvi ak tè ajil,
pwodwi pou netwaye fè tiyo ak lòt materyèl
pou kostwi pwòp jaden eskilti w pou MAM nan Pak
Bisantnè an.
ENSTITI
POU PWOFESÈ YO
Jedi 9 Oktòb
4:30pm — 7:30pm
Eksplore estrateji edikatif e konekte sou menm sikwi
sa a pou nou wè travo da yo ki ekspoze nan Mize
pou Nouvo Milenyòm yo. Ouvè a pwofesè
Lekòl Nasyonal Konte Miami-Dade (M-DCPS) yo,
pwofesè lekòl prive yo, paran ki anseye
timoun yo lakay yo, ak elèv fakilte/inivèsite
yo. Gen senk “TEC points” disponib a pwofesè
M-DCPS ki konplete pwogram yo.
$10
pou manm MAM yo ak elèv fakilte/inivèsite
(ak kat didantite valid); $20 pou moun ki pa manm.
VIZIT
GIDE LEKÒL YO
Madi — Vandredi
10am – 1pm
Ak rezèvasyon. Rele 305.375.4073
Pwofèsè galeri MAM yo gide klas yo pou
vizite ekspozisyon an.
“JAM
at MAM”
“ Happy hour” nan yon anbyans atistik. Mizik,
kòktèl ak òdèv. Chak twazyèm
Jedi di mwa, 5pm – 8:30pm. Pandan tout tan ekspozisyon
Mize pou yon Nouvo Milenyòm yo, sware “JAM
at MAM” yo pral gen ladan yo dè konferans
estimilan ak ti koze galeri sou sijè ki gen rapò
ak ekspozisyon an.
Manm MAM yo gratis / Rantre jeneral gratis ak $5 rantre
mize an.
Jedi,
16 Oktòb
Konferans pa Terence Riley
7pm – 8pm
Konsèvatè prensipal de achitekti ak desen
nan Mize Da Modèn nan New York diskite de kèlke
nan pwojè prensipal nan Mize pou Nouvo Milenyòm
yo. Pwogram lan te devlope pa MAM an kolaborasyon ak
“Arango Design Foundation.”
Jedi,
20 Novanm
Koze Achitèk Galeri
Achitèk nan zòn Miami yo ak pwofesè
achitekti yo de “Florida Atlantic University,”
“Florida International University,” ak “University
of Miami” diskite sou dè pwojè seleksyone
ak sijè nan ekspozisyon an. Koze Achitèk
Galeri devlope an kolabarasyon ak Klib Achitekti Miami
AIA.
6pm - 6:30pm Rene Gonzalez, AIA
6:30pm - 7pm Michael Kerwin, AIA
7pm - 7:30pm Margi Glavovic Nothard
Jedi,
18 Desanm
Koze Achitèk Galeri
6pm - 6:30pm Rafael Sixto, AIA
6:30pm - 7pm Bernard Zyscovich, AIA
7pm - 7:30pm Jason R. Chandler, AIA
Jedi,
15 Janvye
Koze Achitèk Galeri
6pm - 6:30pm Jean-François LeJeune
6:30pm - 7pm Carlos Prio-Touzet, AIA
7pm - 7:30pm John Kneski, AIA
ENFÒMASYON
LÈ
YO
Madi-Vandredi10am a 5pm, twazyèm Jedi jiska 9pm,
Samdi ak Dimanch midi a 5pm. Fèmen Lendi.
Frè
Rantre
Manm MAM yo, timoun ki poko gen 12 an laj ak elèv
yo (avèk kat didantite) gratis, adilt $5, grandèt
$2.50. Dezyèm Samdi chak mwa gratis pou lafanmi.
DIMANCH
YO GRATIS
Rantre gratis jou Dimanch yo de midi a 5pm.
Patwone pa Miami Herald/El Nuevo Herald.
Telefòn
305.375.3000
305.375.1725 Faks
Pakin
an tout sekirite
Pakin kouvri “Cultural Center Parking Garage/Metro
Dade Center Garage” lan ap sou bò dwat
w sou 50 NW 2nd Avenue. Pakin lan nan kote lwès
bò mize an. Pran elevatè ale nan dezyèm
etaj epi travèse pasaj pyeton ki kouvri an pou
rive nan “Cultural Plaza” a.
Miami
Art Museum (Mize Da Miami)
101 W. Flagler St Miami
(305) 375-3000
(305) 375-1725
www.miamiartmuseum.org
Akredite
pa Asosyasyon Ameriken dè Mize, Mize Da Miami
resevwa fon prive ak leta. Pliske 50 pousan de sipò
anyèl li soti nan kòporasyon, endividi,
fondasyon ak manm MAM yo. Mize
Da Miami patwone an pati pa Leta Florid, Depatman Deta,
Seksyon Afè Kiltirèl ak Konsèy
Lèza
Florid, ak “National Endowment for the Arts”;
ansanm ak sipò Depatman Afè Kiltirèl
Konte Miami-Dade, Konsèy Afè Kiltirèl,
Majistra a ak Asanble Konmisyonè Konte yo.
Top
|