Miami Art Museum

exhibitions collection eduction programs & events membership visit us

MAM - Home

  about MAM

   museum park

   join us

   ways to give

   get MAM news

   seen at MAM

   the MAM store

   press

 

 

 

 

 

 

Kontak Laprès:
Gabriel Riera: 305.375.1706
griera@miamidade.gov
Maile Rodriguez: 305.375.1705
maile@miamidade.gov

La ou lavi?
Koleksyon pèmanant mize da miami an
Fè remake yon nouvo ekspozisyon

Ant La e Lavi: Kòmanse sou Joseph Cornell rive sou Gabriel Orozco

Prezantasyon di 28 Novanm 2003 o 4 Avril 2004

Mize Da Miami prezante Ant La e Lavi: Kòmanse Joseph Cornell rive Gabriel Orozco, yon ekspozisyon ki prezante zèv ki sot nan koleksyon pèmanant liyan, prezantasyon sa a ap fèt 28 Novanm 2003 rive 4 Avril 2004. Ekspozisyon an devilge plizyè fason diferan ke atis yo tap chèche, okou de syèk ki sot pase la a, pou brouye distinksyon ant La e Lavi. Zèv ki prezante nan ekspozisyon yo date de 1921 rive jounen jodiya ki enkòpore objè ak imaj ke yo jwenn, dè eleman de pèfòmans ak manipilasyon dijital. Enspirasyon pou ekspozisyon an tire de yon kado resan ke mize an resevwa nan men "Joseph and Robert Cornell Memorial Foundation" de sis zèv de Joseph Cornell, yon atis lajman rekoni kòm Ameriken ki se mèt nan La kolaj ak asanblaj.

Ekspozisyon an administre pa Peter Boswell, sou direktè program yo e konsèvatè MAM. "fraz ki di 'ant la e lavi' an soti de yon gran deklarasyon ke yon lòt mèt Ameriken, Robert Rauschenberg, te fè, ki te di ke li chèche travay nan 'espas ki egziste ant la e lavi,' Mr. Boswell di konsa. "Grenn zèv Cornell sa yo ap byen ajoute sou koleksyon MAM nan, epi yo fasilite yon ekselan pwen apati de ki nou kab eksplore domèn ki egziste ant la e lavi."

Pami atis ki gen zèv nan ekspozisyon an gen Vito Acconci, Wallace Berman, Joseph Cornell, Marcel Duchamp, Nancy Grossman, Damien Hirst, Donald Lipski, Ana Mendieta, Louise Nevelson, Claes Oldenburg, Gabriel Orozco, Alfonso Ossorio, Robert Rauschenberg, James Rosenquist, Betye Saar, Lucas Samaras, Cindy Sherman, ak Kurt Schwitters.

Ekspozisyon an etale tou zèv de yon kantite atis, tankou Westen Charles, Robert Chambers, John Espinosa, Luis Gispert, Mark Handforth, Jean-Claude Rigaud, ak Tom Scicluna. Yon enstalasyon espesyal pou ekspozisyon an te kreye pa atis Guerra de la Paz.

Tan pase, relasyon ant la ak lavi vin yon sijè anpil atis dekouvri, e yo apwoche sijè an nan anpil fason diferan. Nan kòmansman 20èm syèk la dè atis tankou Pablo Picasso, Georges Braque e Kurt Schwitters te pran dè mòso jounal, biyè, ak lòt materyèl ki emprime e kole yo sou tablo yo, e donk entwodwi yon ti pati nan reyalite lavi kotidyen an nan domèn ra twal desen an. Aksyon odasye sa a va reprezante nan ekspozisyon an pa yon ti zèv sipèb de Kurt Schwitters ki gen ladan li yon biyè (fraz komplè).

Marcel Duchamp limenm ale ankò pi lwen ak sijè a; li pran dè objè fabrike tankou irinwa, kouvèti machin a ekri, oswa yon pèl nèj epi rele yo "zèv da" san li pa chanje anyen nan yo; aksyon odasye sa a fè nou vin ap mande - kisa ki konstitye yon zèv da? - yon kestyon ke atis yo kontinye pose jis jounen jodiya. Duchamp pral reprezante nan ekspozisyon an pa youn nan notab boîtes-en-valise li yo, yon valiz voyaj ki chaje ti kopi egzak zèv li yo, menm jan ak yon valiz echantiyon yon machann kap vann de pòt a pòt.

Joseph Cornell-yon bon zanmi Duchamp ki te ede li prepare pwemye boîtes-en-valise liyan- te swiv pwemye modèl sa yo nan rasanble ansanm materiyèl diferan sa yo tankou de vè kòdyal (likè), kat syèl la ak etwal yo, mòso papye jounal, boul an bwa, ak sab kolore andedan bwat an bwa ak vit devan ki sèvi de metafò powetik de imansite de lavi ki plen ak imajinasyon. Malgre moun plis konnen li pou bwat rasanble li yo, Cornell te travay nan kolaj tou pandan prèske tout karyè li. Li va reprezante nan ekspozisyon an avèk yon bwat ak senk kolaj, tout date dè lane 1950 ak 1960 yo, eke yo sot bay koleksyon pèmanat MAM nan yo an kado.

Cornell te fè yon gwo enpak sou atis ki vin aprè yo, sitou atis swadizan "Neo-Dada" dè lane 1950 yo ak pòp atis dè lane 1960 yo. Atis sila yo va reprezante atravè dè travo de Louise Nevelson ki bouske tout bilding brik delabre nan New York pou jwenn materyèl pou travay li yo, ke li rasanble epi pentire tout yon sèl koulè-an jeneral nwa ou blan-pou kreye dè rasanblaj powetik pou evoke mistè ak memwa; Robert Rauschenberg, ki sèvi ak dè imaj "serigrafi" ki sot nan jounal ak magazin pou sijere rapidite etoudi de chanjman ak aktivite nan lavi modèn; ak Claes Oldenburg, ki kreye dè eskilti enòm fèt ak dè objè kouran, tankou yon sachè glas, yon epeng, ak yon bouton pou pase limyè.

Tou resan la a, atis yo diminye eka ki gen ant la ak lavi nan sèvi ak kamera pou kreye imaj ki brouye distenksyon ant dokimantasyon ak fabrikasyon. Seri "Film Stills" (foto) Cindy Sherman yo se de fabrikasyon de imaj ki sanble ak foto piblisite pou film cinema de lane 50 ou 60 yo; poutan paske pèsonaj ki nan foto yo se toujou atis lan li menm, yo tankou dè imaj de yon jounal vizyèl imajinè. Gabriel Orozco fotografye fason dròl nou wè objè yo ranje nan lari yo. Zèv li yo poze kestyon: èske bagay sa yo se rankont ke nou fè kòm pa chans, oubyen èske se ranje ke yo ranje yo menm pou yo jan yo ye an? Èske se lavi oubyen èske se dè zèv da ki toutotou nou nan lavi a?

Nan pwodwi imaj yo an dijital, li vin posib pou kreye yon sòt de kolaj inapèsi ki fè nou mande kikote lavi fini e la kòmanse, tankou nou wè nan foto Anthony Goicolea yo ki montre yon moun an plizyè imaj kap dyaloge youn ak lòt. Nan foto sa yo reyalite (lavi) ak kreyativite (zèv da) fè yon sèl, ki fè doute si sa nou pran pou reyalite an se pa jis, an efè, yon riz, yon fason pou nou ankadre yon ide pou ke nou kab konprann li.

Gen nan ekspozisyon an yon kantite akizisyon ki fèk ajoute sou koleksyon pèmanant MAM lan ke yo pral prezante nan MAM pou lapwemyè fwa anplis de zèv Joseph Cornell yo. Pami nouvo akizisyon yo, gen dè eskilti de Robert Chambers, yon atis baze nan Miami ak Westen Charles e ak Donald Lipski, yon atis ki baze nan New York; Dè zèv de fotografi de ansyen rezidan Miami, John Espinos e Luis Gispert ak yon videyo de Liliana Porter. Atis baze nan Miami yo, Tom Scicluna ak ekip Guerra de la Paz la, pral kreye dè zèv espesyalman pou ekspozisyon sa a. A pral genyen tou plizyè zèv prete ki de atis tankou Wallace Berman, Mark Handforth, Damien Hirst, Betye Saar, ak Lucas Samaras e ki sot nan dè koleksyon prive.

Konsènan Direktè Seksyon Konsasyon an
Peter Boswell se sou direktè pou pwogram yo e se nan direktè seksyon konsèvasyon MAM depi 1999. Li responsab devlopman koleksyon pèmanant MAM lan osibyenke ekspzisyon yo nan mize an, program ak piblikasyon edikatif. Mr. Boswell diplome ak yon Lisans nan Listwa Da nan Inivèsite de Kalifòni nan Berkeley, epi li fè Metriz li nan menm branch lan nan Stanford Univèsite. Mr. Boswell gen ventan depi lap travay nan mize, e li ekri anpil sou sijè da. Anplis, li bay anpil konferans sou zèv da 20yèm syèk epi li sèvi nan plizyè jire ak panèl. Nan MAM, Mr. Boswell dirije akivite ekspozisyon "Miami Currents: Linking Community and Collection (2002) epi li òganize ekspozisyon pou seri Nouvo Zèv mize yo ak travay Donald Lipski (2002) yo; Teresita Fernández (2002); ak Roberto Behar e Rosario Marquardt (2003). Anvan li te vin nan Mize Da Miami, Mr. Boswell te fè twazan kòm direktè "Heiskell Arts" nan Akademi Amerikèn nan vil Rome e fè 10 an kòm anplwaye nan seksyon konsèvasyon nan "Walker Art Center" nan Minneapolis. Ekspozisyon yo ke li dirije nan Akademi an enkli David Ireland ? Italia (1997), Maya Lin (1998) ak Joel Shapiro ? Roma (1999)-ki te enkli plase senk eskilpti en bwonz de gran enpòtans nan dè plas piblik nan anba lavil Ròm. Ekspozisyon ke li te dirije nan "Walker" yo se te 2000 AJ: Listwa Bruce Conner, 2yèm pati (1999, ansanm ak Bruce Jenkins e Joan Rothfuss); "The Photomontages of Hannah Höch" (1996, ansanm al Maria Makela); Joel Shapiro: Anplennè (1994, ansanm ak Deborah Emont Scott); Krzyzstof Wodizcko: Anons Piblik(1992); Magdalena Abakanowicz (1992); Ann Hamilton/David Ireland (1992, ansanm ak Elizabeth Armstrong); Pwendvi: Alan Rath (1991); Pwendvi: Mel Chin (1990); ak Peyizay Re?vize (1989).

Ekspozisyon an patwone pa Fon Anyèl Ekspozisyon MAM nan. Byenfektè yo -
Ferrell Schultz, Tina Hills, Joan Reynolds Linclau, Neiman Marcus, Patricia & Emanuel Papper - Donè - "The Cowles Charitable Trust," Ella Fontanals Cisneros, Espirito Santo Bank. "The Aaron I. Fleischman Foundation", Rose Ellen Meyerhoff Greene, Deborah & Larry Hoffman, Mellon, Northern Trust Bank, Nedra & Mark Oren, Podhurst Orseck, P.A., "The Scharlin Family Foundation" - Patwonaj - Darlene & Jorge M. Pérez, Arthur H. Rice, Christie's, Kroll Associates, Nancy & Robert Magoon, Toni & Carl Randolph, Roz & Charles Stuzin, Sally & Earl Weiner, Jerome A. Yavitz Charitable Foundation, Inc., Stephen H. Cypen, President

Vizit
Vizit gide de ekspozisyon an disponib chak Dimanch a 2pm.

Moun kap Vizite Galri yo
Enspire de zèv Joseph Cornell, Guerra de la Paz ak Louise Nevelson yo, galeri dyalog vizitè yo gen dè aktivite sou kolaj, asanblaj ak eskilpti.

Nòt Galri
Yon depliyan ak ilistrasyon ki bay enfòmasyon antesedan sou ekspozisyon an. Disponib nan galeri yo gratis pou tout moun.

Dimanch yo Fratis nan MAM de 12 a 5pm.
Patwone pa The Miami Herald/El Nuevo Herald.

Enfòmasyon General: 305-375-3000

Kontak Laprès:
Gabriel Riera
305.375-1706
griera@miamidade.gov

Akredite pa Asosyasyon Mize Da Ameriken, Miza Da Miami patwone an pati pa Leta Florid, Seksyon Afè Kiltirèl ak Konsèy Lèza Florid, e "National Endowment for the Arts"; ak sipò Depatman Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade, Konsèy Afè Kiltirèl, Majistra a ak Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade la.

Top

 
101 West Flagler Street, Miami, FL 33130 305.375.3000
home I miamidade.gov | site map I disclaimer I image rights | hours I directions I contact us
© Miami Art Museum 2005