23 Avril – 19 Septanm
2004
Miami Art Museum ap prezante
Limyè ak Atmosfè, yon egzibisyon
ki egzamine divès fason yon atis kapab itilize
limyè — epi atmosfè ke li kreye
an — pou eksplore posibilite sijè yo chwazi
yo nan aspè fizik, sikolojik, ak metaforik. Ekzibisyon
an ap mete an vedèt 32 pyès pa 27 atis
ki sòti nan 10 peyi e ki atire pa koleksyon prive
ak enstalasyon an pèmanans MAM lan. Li enkli
ladan li desen, tablo, foto, objè eskilti, ak
videyo, laplipa date depi koumansman ane 80 yo jiska
jodiya. Pyès ki pi ansyen an se yon pastèl
de 1922 de yon atis Larisi avan-gad Ivan Kliun, ke MAM
la fèk achte dènyèman. Limyè
ak Atmosfè mete sou pye pa Asistan Direkè
MAM lan, Cheryl Hartup, epi lap anplas di 23 Avril a
19 Septanm 2004.
Tèm ekzibisyon an te enspire
pa de kado ke koleksyon MAM lan te resevwa: Eclipse
(2002), Yon eskilti pou mi de Teresita Fernández,
ke atis la te kreye pou fè apti de yon pi gwo
enstalasyon pou seri “MAM’s New Work series”;
epi tablo Sean Scully an, “Wall of Light Rain
(2003)”, kap an ekzibisyon pou premye fwa nan
MAM lan.
Limyè ak Atmosfè gen twa
fil ide — limyè ak kò a, limyè
nan monn natirèl la, epi limyè nan espas
achitekti yo.
“Atis yo mete vi nan sijè
yo nan divès fason, e sèvi ak limyè
se youn ki plis sèvi”, Ms. Hartup te di.
“Ekzibisyon sa a pral demontre kouman atis yo
sèvi ak limyè pou aji sou koulè,
anbyans, oswa reprezantasyon pyès yo”.
Atis ki an vedèt nan Limyè
ak Atmosfè enkli José Manuel Ballester,
Christopher Bucklow, James Casebere, Ralston Crawford,
José Dávila, Philip-Lorca diCorcia, Rineke
Dijkstra, Gertrud Goldshmidt (Gego), Kira Lynn Harris,
Anthony Hernández, Todd Hido, Paul Hodgson, Craig
Kucia, Brad Lachore, María Martínez-Cañas,
Wilhelm Moser, Joel Meyerowitz, Richard Pasquarelli,
César Paternosto, ak Robert Wilson.
Ekzibisyon an genyen tou an vedèt
twa enstalasyon anplasman-espesifik kreye an eksklizivite
pou MAM pa Ivan Toth Depeña ak Mark A. Koven
de Miami, ak Magdalena Fernández de Caracas,
Venezuela, ki pou premye fwa ap mete an ekspozisyon
nan Zetazini enstalasyon videyo Depeña a, “Incidental
Antinomies”, eksplore efè limyè
atifisyèl lanwit sou lanati. Atis la se yon obzèvatè
fen sou tout detay anviwonnman li epi li atire pa koulè
ki satire epi son bwi machin iben, tankou boudonnman
fil elektrik yo.
Mark A. Koven travay ak yon lantiy fotografi
twa-dimansyonèl ki prezante plizyè pèspektiv
nan yon sèl imaj, yon chanje nan lòt pandan
moun kap gade an ap deplase devan èv la. Nouvo
enstalasyon liyan, Turn, prezante imaj syèl ak
sab sou plafon ak planche yon ti pyès. W kapab
tande bwi van an kap tounen toupatou nan espas la. Pyès
sa te enspire lè atis la te fini li yon pati
nan bib la, Ecclesiastes, pandan yon epòk boulvèsan
nan vi li. Se sitou kestyon ak obsèvasyon sou
sik natirèl yo ki te nan liv labib sa a ki te
atire li.
Magdalena Fernández sèvi
ak materyo pwodwi an gwo pou kreye yon eksplorasyon
powetik de pèsepsyon imen ak espas. Nan enstalsyon
liyan pou Limyè ak Atmosfè, ki rele 1i004,
se yon ti sal ak ti miwo tou piti sou tout mi yo, sa
ki fè yon efè de vi an mòso ak
an ti pyès. Pou atis lan, atmosfè an ak
sa pyès la reprezante an egziste nan moman reyaksyon
ki fèt ant moun kap gade èv la ak èv
la limenm menm.
Yon lòt pati nan Limyè
ak Atmosfè se yon gran enstalasyon pwojektè
limyè eksteryè ki baze sou faz lalin la
pandna yon sik de 28 jou e se atis lokal Miami ki kreye
li. “Full to Wailing and Back Again (2002)”ke
MAM lan fè achte dènyèman, pral
pwojekte sou miray “Central Support Facility”
anba lavil Miami nan 50 NW 2nd Avni, yon blòk
wès, koumanse 5 Avril—nan aswè plèn
lin—e lap kontinye jiska 4 Me. Pwojeksyon, yon
imaj miwa lalinn lan nan syèl la, pozisyone vè
nò epi w kapab wè li pandan wap deplase
sou I-95 direksyon sid.
”Nou pran plezi pou op2tinite
sa yo pou nou pataje ak kominote Sid Florid lan plizyè
akizisyon ki fèt nan koleksyon MAM lan, plizyè
ladan yo se premye fwa yap ekspoze”,We are delighted
to have this opportunity to share with the South Florida
community several recent acquisitions to MAM’s
collection, many which are being exhibited for the first
time,” Direktè MAM, Suzanne Delehanty,
di. “Nou sitou pran plezi nan pwojè Wendy
Wischer an, ki pral deplase toutotou Konte Miami-Dade
pandan mwa aveni yo”.
Sou Direktè an
Cheryl Hartup se Asistan Direktè nan “Miami
Art Museum” lan. An Septansm 2000, anvan li te
vini nan MAM, Ms. Hartup te Asistan Direktè McDermott
nan Mize Da Dallas la de 1998-2000. Depi yo nonmen li
nan MAM, Ms. Hartup te òganize ‘Visual
Poetics: Art and the Word (2003), New Work: Cildo Meireles
(2003), ak New Work: Odili Donald Odita (2002)”,
ak divès lòt ekzibisyon. Jodiya li kounyeyan
lap travay sou de pwojè sou komisyon ak atis
Jac Leirner ak Fabian Marcaccio pou 2004. Ms. Hartup
genyen yon metriz nan etid “Latin American Studies”
ak “Museum Studies” de Inivèsite
New York ak yon metriz nan “art history”
de Inivèsite Texas nan Austin.
Limyè ak Atmosfè òganize
pa “Miami Art Museum” kòm pati de
seri sou enstalasyon koleksyon an pèmanans epi
li sipòte pa fon lajan “MAM Annual Exhibition
Fund”.
Pwogram Limyè ak Atmosfè
yo
Konferans Direktè ak Cheryl Hartup
“Illusion and Abstraction: The
Interplay of Light and Atmosphere”
Samdi 24 Avril, 10am–12pm
Manm enpòtan yo. Rankontre atis
ekzibisyon yo apre prezantasyon an.
Yap sèvi ti dejene ewopeyen.Pou
rezève rele Laura Krisko nan 305.375.1704 oswa
email MAMRSVP@miamidade.gov.